PROSECON TECHNOLOGY: Tip bwat GPS PROSECON TECHNOLOGY an HAITI

PROSECON TECHNOLOGY: Tip bwat GPS PROSECON TECHNOLOGY an HAITI

Konbyen tip bwat GPS PROSECON TECHNOLOGY genyen?

PROSECON TECHNOLOGY genyen plizyè tip GPS, gen youn ki senp sa nou rele estanda a, gen youn ki konplike sa nou rele OBC a, gen yon lòt nou mete nan bato tou.

Ki diferans ki genyen ant senp lan ak konplike a?

Senp lan sa nou rele GPS standa a nou konn mete’l pi souvan nan machin lejè oswa moto, li pèmèt ou wè machin ou nan tan reyèl, si li kanpe, si lap mache, si li dekonekte a kilè lale a kilè li rive, ki kote’l te deplase, ki kote’l rive, e ou ka menm koupe kouran a distans sou machin la tou (kont demaraj). Ou ka pran rapò yo sou platfòm nan an fich eksèl olswa sou imel ou.

Ou kapab enstale yon bouton panik (SOS), epi wáp resevwa alèt tout mouvman machin nan fè nan tan reyèl. Tandi ke OBC (On - Board Computer) Se yon bwat oubyen yon odinatè ki gen plis opsyon ke GPS senp yo ki enstale sou yon machin k'ap voye tout sa ki pase kòm evènman sou machin sa a e ke chofè a fè nan konpòteman'l lè l'ap kondwi machin la nan tan reyèl.

OBC a gen kouran pa'l gras ak yon batri otonòm ki andedan'l men li pran sous kouran'l tou sou batri machin nan pou'l ka toujou voye tout evènman yo sou yon platfòm gras ak koneksyon antèn li ak plizyè satelit.

Ou ka swiv machin ki gen OBC sou li a sou yon kat jewografik nenpòt kote li ta ye nan mond lan.

Ou ka gen tout rapò Deplase ak Rive sou zòn, pozisyon, vitès, distans, tanperati (motè, sitèn ou Kontenè),sans ak Direksyon ke machin la te fè e menm Rekonstitisyon aksidan (Videyo 3D), depi lè OBC a te enstale jiska dènye pozisyon li ye a nan trajè li yo.

  • Ou ka kreye plizyè gwoup machin sou platfòm nan pou'w ka repati tach yo selon lojistik antrepriz la.
  • Ou ka enstale yon kle Dallas tou nan machin la pou idantifye chak chofè k'ap kondwi machin yo selon pwofil li sou platfòm MZONE nan.
  • Ou ka enstale yon bouton panik (SOS) tou nan kabin machin nan pou chofè a jis peze'l pou'l ka mande èd si'l ta an danje (Aksidan ou Brakaj).

Yon OBC enstale sou yon machin se kòmsi'w te andedan kabin nan, tout ti detay parèt sou platfòm MZONE nan.

 

¿Siw vle plis enfòmasyon sou vann e ak lwe GPS PROSECON TECHNOLOGY? Nou la pou reponn ak tout kesyon:

info@prosecon.tech

tel:  509-37603339 / +1 809-535-7094 

W/App: +1 849-720-4712

https://prosecon.tech/contacto

¿Kote ou ka jwenn nou?

1 calle Dolores Rodriguez Objio, 11109 SANTO DOMINGO, REPUBLICA DOMINICANA

Dinasa,wout aewopò

 


Imprimer   E-mail