PROSECON TECHNOLOGY: Wòl ak enpòtans yon bwat GPS nan yon machin an Haiti

PROSECON TECHNOLOGY: Wòl ak enpòtans yon bwat GPS nan yon machin an Haiti

Nan tan lontan, sèl fason pouw te rann ou yon kote ki lwen avèk machin ou san'w pa pèdi wout ou se te swa ou itilize yon kat woutyè ki mande yon bon konesans pou'w enteprete kat la, oubyen mande chimen'w ak moun ou kwaze sou wout la. Mwayen sa te yon penitans epi li te fè'w pèdi twòp tan anvan'w te resi rive kote'w vle ale a, san li pat men'm elimine risk kote malgre tou ou te kab pèdi chimen'w.

Kounya la, li vin pi rapid, pi fasil epi pi efikas gras ak teknoloji GPS la pou'w rive jwenn wout ou lew nan machin e menm pèmèt ou swiv machin sila menm siw pa ladanl kote tout risk pou volè machin sa pa egziste.

Ebyen PROSECON TECHNOLOGY se youn nan ra antrepriz kap evolye nan domèn GPS ki pote sèvis sa bay tout propriyetè machin ki pa gen sistèm sa entegre nan veyikil yo. Pi bon sèvis GPS kap pèmèt ou lokalize yon veyikil, yon moun, yon bagay nenpòt kotel ye nan mond lan.


Istorik GPS

Nan lane 60 yo, lame ameriken te kòmanse devlope yon pwogram pou'l te kapab lokalize an tan reyèl chak ti kote sou latè gras ak anviwon 30 satelit ki te annobit ozalantou tè a. Sa vle di GPS te devlope avan tou pou l te kapab itil militè amriken yo.

Nan lane 90 yo, nou vin jwenn sistèm sa etann li tout loò domèn sivil yo, tankou avyasyon oubyen ayopò, navigasyon maritim, transpò, ak yon bann lòt akitivite lwazi “telefòn ak jwet konsòl pa egzanp”.

Menm lè nan domèn sivil la, presizyon sistèm GPS lejèman diminye pa rapò ak domèn militè a. Men li rete yon zouti efikas kew dwe itilize sitou nan veyikil.

Nan yon veyikil, GPS lan kapab repwodwi nan yon kat elektwonik pozisyon kote li ye a. Li kapab gide chofè a endike nan GPS la ki kote li pwale tou.

 

Fonksyon yon GPS

Yon GPS genyen yon pakèt fonksyon li ka ranpli : 

  • Li pèmèt chofè a swiv wout li, li kapab enfòme chofè a tou sou ki wout pou'l fè. Tankou, li ka pwopoze chofè a wout ki pi rapid, ki pi ekonomik, elatriye.
  • Li pèmèt ou konnen kantite tan wap bezwen pou'w rive kote'w prale a. Tan sa kalkile an tan reyèl an fonksyon de tout obstak ak blokis chofè a ka jwenn sou wout la.
  • Li pèmèt ou konnen si wap woule twò vit, epitou, li pèmèt ou konnen zòn ki gen danje yo, tout sa, gras ak yon sistèm alèt.

Chaje lòt fonksyon ankò nou te kapab site. Men fonksyon yo depann de modèl GPS la.

 

Diferan Modèl GPS yo

Gen plizyè opsyon ou ka panse pou'w achte yon GPS pou veyikil ou :

  • Modèl entegre : Ou ka achte yon machin ki tou genyen sistèm GPS la entegre ladanl. Sèl pwoblèm sa ka poze, se si sistèm sa vin twò ansyen, chanje'l kapab pa posib, ou byen kapab koute twò chè.
  • Modèl adaptab: Se yon modèl ou ka branche nan laytè machin nan, epi'w kole'l nan vit la. Ou ka deplase avèk li, chanje'l lè'w vle. Sèl pwoblèm li, li kapab manke estetik.
  • Modèl pwogram telefòn entèlijan yo: Se menm jan ak modèl adaptab la, sofke li menm, li se yon pwogram ki twouve'l sou telefòn ou. Kòm se yon pwogram ki sou yon telefòn, ou gentan wè tout pwoblèm sa kapab poze.


Modèl PROSECON TECHNOLOGY yo 

Gen plizyè tip nan PROSECON TECHNOLOGY tankou sa ki senp lan nou rele GPS estanda a, sa ki pi konplke a nou rele’l OBC epi GPS nou mete sou bato yo. Yo tout pèmèt ou wè veyikil ou, kamyon w bato w nan tan reyèl epi diminye risk ke yo volè veyikil ou.

 

N.B.: Chwazi mete yon bwat GPS nan machin ou kamyon w oswa bato w se sekirize vi w, vi fanmi w ak antrepriz ou. Gen bon kontwòl sou veyikil ou konsa ou ak antrepriz ou ak fanmiw tou ap toujou genyen olye nou pèdi.

 

¿Siw vle plis enfòmasyon sou vann e ak lwe GPS PROSECON TECHNOLOGY? Nou la pou reponn ak tout kesyon:

info@prosecon.tech

tel:  509-37603339 / +1 809-535-7094 

W/App: +1 849-720-4712

https://prosecon.tech/contacto

¿Kote ou ka jwenn nou?

1 calle Dolores Rodriguez Objio, 11109 SANTO DOMINGO, REPUBLICA DOMINICANA

Dinasa,wout aewopò


Imprimer   E-mail